Benlo050920 :
HAÏTI EN CHANTIER : Ayisyen Ayisyèn joum ta gen chans pran tèt peyi sa m gen 7 pwen esansyèl ki tap mete AYITI an chantye. 1- Enfrastrikti : ( Lojman sosyal nan tout katye popilè, bon jan wout pou relye ti nèg mòn ak nèg kapital, vwa fere, sant hospitalye, santral elektrik (backup), santral ijans (ponpye, anbilans), pak atraktif pou chak katye popilè.
2- Edikasyon : lekòl gratis ak fòmasyon pwofesyonèl pou katye popilè yo, konstriksyon sant spòtif nasyonal (foutbòl ak baskèt) ki pou bay bon jan atlèt pou seleksyon nasyonal nou yo. Alfabetizasyon nan katye popilè yo ak zòn rekile yo.
3- Pwodiksyon nasyonal : Agrikilti, bon jan echanj komèsyal ant leta ak kiltivatè yo pou rive nan mache nasyonal ak kominal yo epi ak magazen leta chak komin.
4- Twanspò : rekalkile Twanspò sou tout teritwa nasyonal la, fè komand nouvo bis ak ti machin nan men peyi zanmi Ayiti tankou la Chine pou asire transpò sitwayen nou yo nan bon respè ak sekirite, pòs peyaj.
5-Epi la JENÈS : tout sam sot elabore yo pap posib san ke la JENÈS pa mete men nan pat, san ke leta pa fè apèl ak yo. Twòp moun aje nan bwat leta yo.
6- Remobilizasyon PNH pou jere sekirite popilasyon an ak byen materyèl yo epi FAD'H pou jere sekirite fwontyè terès nou yo ak souverènte nasyonal nou, la MARINE pou jere Fwontyè Maritim nou yo ak vye trafik tout kalite, yon lòt BSAP pou jere mòn nou ye epi evite debwazman.
7- Distribisyon bwat leta ak sèvis leta yo nan tout komin ak provens yo nan bon jan batiman ki reflete respè leta pou popilasyon li.
2025-09-26 02:49:26