@mediavision509: Nan vil Okap, ti moto 3 wou yo vin tounen youn nan mwayen transpò ki plis itilize pou pote moun ak machandiz. Se yon sous revni pou anpil jèn gason ki te nan chomaj. Malgre itilite yo, yo kreye anpil pwoblèm nan lavi chak jou. Majorite chofè pa respekte règleman sikilasyon, sa souvan pwovoke anpil aksidan. Yo bloke trafik nan sant vil la lè yo kanpe nenpòt kote pou pran pasaje. Mank regilasyon klè sou itilizasyon yo fè dezòd la vin pi grav. Sitiyasyon sa a reprezante yon gwo defi pou sekirite, anviwònman ak òganizasyon transpò piblik nan vil Okap. #sikilasyon #moto3wou #okap #sekiritepiblik #meriokap #ekonomilokal #transpò #viral #viraltiktok #AngieBell