@cherubin_promo: Neïssa Tima, yon jèn fi 19 lane, etidyan nan Gestion Des affaires financières nan Inivèsite Quisqueya tap sòti lekòl vè 3zè nan aprè midi jou ki te 26 Janvye 2026 la ,yon etidyan nan menm inivèsite sa te ba li yon woulib kote machin lan te pran direksyon Pétion-ville,paske demwazèl la abite Pèlerin, malerezman li pat janm rive antre lakay li pandan tout rès aprè midi a aprè woulib sa, aprè plizyè apèl ak mesaj san repons , lè paran l pa janm wè l antre vè 8tè nan aswè,yo deside al chache l se konsa yo ta pral rive jwenn li vyole, asasinen, rad li chire,san souvètman ak mak blesi sou li ,lang li sòti deyò abandone nan machin ki te bal woulib la devan yon klinik , sou ri Rebecca, nan Pétion-Ville. Paran viktim nan, ansanm ak etidyan ak sitwayen nan kominote ayisyèn lan, ap mande jistis pou demwazèl sa ki se Neïssa Tima. Mwen menm, antanke jèn sitwayen, mwen leve vwa mwen pou mande pou tout limyè fèt sou lanmò trajik sa a. Se devwa Lapolis Jidisyè pou mennen ankèt serye, idantifye, arete epi tradui tout sispèk yo devan lajistis. Ayiti pa dwe yon peyi kote gen fòs kote nan kesyon jistis ak diyite imen. Lavi chak sitwayen gen menm valè. Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm dwe pran ka sa ak tout ka vyolans kont fanm yo ak anpil responsabilite, paske twòp jèn fanm ap tonbe viktim vyolans, agresyon ak asasina, bouch nou paka rete mare, je nou paka rete bande sou krim sa yo. Jistis pou Neïssa Tima. Jistis pou tout fanm ayisyèn. Silans se konplisite. #neïsa #haitien #viral #jusctice
Cherubin_Promo
Region: HT
Friday 30 January 2026 13:36:37 GMT
Music
Download
Comments
Camelita pierre :
hmmm 😭😭😭😭
2026-01-30 15:37:45
1
Thérèse Brave 🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑 :
😁
2026-04-02 03:31:43
0
Thérèse Brave 🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑 :
🥰
2026-04-02 03:31:39
0
Thérèse Brave 🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑 :
😭
2026-04-02 03:29:19
0
Thérèse Brave 🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑🔑 :
🥰
2026-04-02 03:31:51
0
To see more videos from user @cherubin_promo, please go to the Tikwm
homepage.