@medikaplant: Èske legliz pa gen fòs ladan l vre… jan kèk zòzòyè ak moun ap eseye fè nou kwè a? Anvan Ewòp te menm vin tounen sant Krisyanis la, lafwa kretyèn nan te deja byen tabli ann Afrik. Se sou tè Afriken yo premye legliz yo te grandi: peyi tankou Ejip, Letiopi, Noubi, ak Kartaj te deja gen gwo kominote kretyen, teyolojyen, ak savan ki t ap defann lafwa a depi premye syèk yo. Ale founi ke gade listwa Legliz la Etyopi, w a konprann kichòy. Anpil nan premye “Papa Legliz” yo te Afriken:Tertullian, Saint Augustine, Athanasius, Origen Bib la menm montre relasyon espirityèl sa a ak Lafrik: Yeshua (ישוע) alyas Jezi te pase ann Ejip✨ Simon ki te ede towo gwonde a pote kwa a te soti Sirèn ann Afrik✨ Youn nan premye moun ki te resevwa levanjil la apre rezirèksyon an se te yon gwo fonksyonè Etyopyen. Kidonk kestyon an merite poze:Èske vrèman pa gen fòs nan legliz? Oswa èske gen moun ki jis vle fè nou pèdi koneksyon ak eritaj espirityèl ak istorik ki se kinan n tou? Sa pa vle di tout legliz pafè.Sa pa vle di pa gen ipokrizi oswa manipilasyon lakay kèk moun.Men li enpòtan pou nou aprann fè diferans ant sistèm moun kreye… ak rasin istorik ak espirityèl yon lafwa ki travèse plizyè sivilizasyon depi plizyè milye ane. Konesans libere. Se konnen ki fè. (Losyè nan ansyen emisyon Hoïs ak @Vye Ewòl)
@Medikaplant
Region: US
Monday 25 May 2026 01:28:24 GMT
Music
Download
Comments
Germán :
mesye bondye Gran lè nap pale fòn konn SA nap dii
2026-05-31 12:41:23
2
allz sonn :
mwen renmen tandew anpil ouii vye
2026-05-25 07:23:55
8
Vivi Gaspard :
Bnjour frère m.m renmen tande ou anpil paskew bay anpil konesans.
2026-05-27 15:12:46
2
La belle Fabie 🤟😇❤️💎🇭🇹 :
sou ki radio émission sa fèt svp et chk kilhr ?
2026-05-29 02:03:50
2
Sapiens :
mesi mon frère Ewòl
2026-06-14 00:15:39
2
Ma ma :
Waw mwen baw respect ke ou mérité , chapo BAs
2026-05-26 07:53:41
1
kprino1970 :
fanmi m gen yon ti pwoblem m bezwen yon konsey nan men ou svp
2026-05-25 07:40:56
0
Meroly motivation :
ou korek wi. m renmen sam tande a .
2026-05-25 22:22:22
0
pedro_29 :
Misye bon
2026-05-26 12:22:17
0
Elicin store :
lè wap fè emission an kite kontak ou svp
2026-06-16 01:07:31
0
loubens506 :
viv jezi 🙏🙏🙏
2026-06-17 14:01:34
0
liline love :
waww ou fèm renmenw anpil fréo
2026-05-30 01:09:30
1
user4048797326617 :
bjr mwen toujou kontan tandew
2026-06-08 16:27:22
0
Denise65 :
m renmen sa cheri
2026-06-01 01:14:04
0
Myrlaine Fenelon :
amen
2026-06-23 21:25:19
0
Fritzlove :
mw apresye enspirasyonw frèm
2026-05-27 22:04:54
0
L'esprit de lavie :
Amèn
2026-05-25 02:05:25
1
rooseveltdessources :
love a coeur frèm mw renmen tandew anpil
2026-05-27 14:11:05
0
martinejean04 :
Ayibobo
2026-05-28 11:52:35
0
Karl Pyram :
Misye bon li toutjou fè ikilibre,e li rekonet gen Bondye
2026-05-31 18:50:41
3
Ernese Blanc :
Tout glwa for God
2026-05-28 17:40:56
1
SOLIstore :
L'Évangile est une puissance de Dieu pour le salut de quiconque croit💯
2026-05-26 12:24:48
2
Rood Ti Fritz :
Non Erold pa enkoni pou mwn etanke moun ki leve tou piti Leyogan e m chaje kondisip mwn Darbonne, monchè se pa ti konesans non wap bay la, mwn gentan aprann yon pakèt bagay de sa wap di, mesi pou konesans wap bay gratis.
2026-05-25 13:54:49
3
Daronmy :
Mw pa dakò
2026-05-25 21:48:12
1
FOI & EQUILIBRE :
loll... ou byen pale
2026-05-25 17:13:46
1
To see more videos from user @medikaplant, please go to the Tikwm
homepage.