ccbastien :
Lape nap mande a se lape plezi.
Lape plezi a base sou debloke rout yo pou nou ka sikile nan peyi a jan nou vle, le nou vle, jour nou vle
Lape chanjman an se li kap bon pou nou e se li kap mennen nou nan chemin verite a men se pa li nou vle paske nou rayi verite a.
Lape chanjman an base sou prop tet ou, sou ou menm ankor.
Lape chanjman base sou manmanw, papaw, swew, frew,tontonw,matant, tout fanmiw.
Lape chanjman an base sou rekonèt, admèt e soumet devan prop tet ou pou konsyans ou ka aktive nan ou. Se nan konsyans lan nap we,san Jistis,Ogey,Rankin,Bay manti,Ipokrit,Jalouzi,Grandize,Saf, lanbisyion ect.
Lape chanjman an base sou netwaye kè w
Lape chanjman an base sou kè ansanm.
Lape chanjman an base sou desan devan lot
Lape chanjman an base sou mande moun ou te fe mal la pardon
Lape chanjman an base sou al ranje pwoblem ou gen ak lot ayisyen parey ou ke ou edmi ak yo a.
Lape chanjman an base sou a ou, tet ou, nanm ou, lespri w e ko w
Eske nou pre pou nou fe lape chanjman an de kè a pou nou tout ayisyen nan kat kwen la terre ka viv atrave kè a, lespri e koʻ a.
2026-06-30 07:01:44