M felisite w pou jan de kontni sa yo. Rezo sosyal pa souvan pwopoze n kontni enstriktif sa yo. Se plis zen ak bagay devègonde yo vann nou, ou menm ou chwazi pote nou kichòy ki pou ede n grandi, pou louvri je n sou kalite kominikasyon nou. Sa merite ankouraje. Men kontni ou yo te ka pi enteresan, si konesans ou sou sa w ap pale yo pa t limite. Ou montre w pa fin konprann sa w ap di a. Ou pa konprann reyalite fonksyónman lang (lang kreyòl la). Lang nan se yon dinamik natirèl li ye, sa vle l ap evolye chak jou. Epi chak lang gen pwòp parametraj sentaksik ak mòfolojik li. Ou pa ka vle jan fransè a fonksyone a se konsa pou kreyòl la fonksyone tou. Yon moun ki di "bwè" pou bwason, "trèt" pou trayi, se pa defòme li defòme lang nan. Li pa fè okenn fot. Li byen pale. Sa fè pati richès lang lan ki chouke nan yon pwosesis leksikakizasyon ak semantizasyon. Lang kreyòl la ban nou posiblite pou n fè yon non tounen yon vèb san n pa bezwen ajoute okenn mak mòfolojik (yon tèminezon). Se sa k fè n ka di trèt pou trayi. Alòske an fransè sa pa posib. Pou yon non vin tounen vèb, fòk ou ajoute nan finansman li yon mak mòfolojik espesifik (yon tèminezon vèbal). Yon ekzanp pou n pi klè : google= googliser ou googler : Zlatan = zlataner. Kidonk fransè a ak kreyòl la pa gen menm parametraj mòfosentaksik. An kreyòl la, ou pa bezwen ajoute anyen nan finansman mo a pou l tounen yon vèb. An kreyòl, se pozisyon sentaksik mo a, sa vle di pozisyon li nan fraz ki pral di w si l s on vèb oswa si l s on non. Yon ekzanp : M pral f on ti kouri la. La kouri s on non paske l aksepte yon detèminan devan l. Men si m di "Li kouri pi vit pase m", la kouri s on vèb.
2026-08-03 19:07:51
0
Mickerlando Damis :
onètman m renmen mouvman sa
m tou abòne
sa ap ede nou voye kreyòl la pi wo
2026-06-15 18:05:20
2
PJKITO♈🐏😎 :
Poukisa w pa bay accès download yo
2026-06-15 17:31:27
0
Sansan :
M renmen kontni yo anpil🥰🥰
2026-06-17 02:39:17
1
standleyolivier :
anpil lanmou pou nou mesye
2026-06-16 16:49:05
1
drcustomz_Haiti :
ANTOUKA 🪶📊🔥🔥🔥
2026-06-15 17:23:50
1
𝗺ᖇ...𝒷𝒶𝓆𝒽𝒾𝓁𝓎 :
sa bon
2026-07-09 02:42:58
0
Mister Wendy :
Bon travay freo antouka mwen espere mesaj la pase pou'n sispann defòme lang kreyòl Ayisyen an
2026-06-15 22:08:35
0
SmithLeSage 2.0 :
Bravo 👏
2026-06-15 18:40:04
0
PJKITO♈🐏😎 :
Misye bay problèm ak defòmasyon l yo🤣🤣
2026-06-15 17:16:31
1
LuKa_10 :
machan vann mon brè 🤣🤣🤣
2026-06-15 16:57:33
0
Mondésir Wendy Alvarez :
Se sam toujou ap di wi, moun yo refize itilize mot yo nn plas yo.
2026-06-15 21:46:31
1
Mr Olly55 💫 :
🤝
2026-06-15 16:54:45
1
Bella :
😂😂😂
2026-06-15 21:33:32
0
Junior Louis :
👏👏👏
2026-06-16 15:53:05
0
To see more videos from user @konnen__, please go to the Tikwm
homepage.