@jeev.promo.haiti: Ann onore lòks yo se te tèm ki te make dezyèm edisyon Haitian Locks Festival la, kote lòks yo te selebre kòm yon senbòl bote natirèl, idantite ak fyète kiltirèl. Aktivite a te reyini plizyè moun nan kominote a nan yon bèl anbyans pou mete an valè eritaj, kilti ak diyite tout moun ki chwazi pote lòks. Dezyèm edisyon an te fini sou yon nòt pozitif, li te ranfòse lespri inite, akseptasyon tèt nou ak lanmou pou bote natirèl, pandan li te rann omaj ak tout moun ki pote lòks avèk fyète. #locks #haitiantiktok #jeevpromoht @Haitian_Locks_Festival