@pitopromo12: 🚨 DÈNYÈ MINIT | PITO PROMO MÉDIA 🚨 Yon gwo kamyon chavire jodi a, Madi 7 Jiyè 2026, nan Gran Rue Espanyòl. Foto ki rive jwenn redaksyon Pito Promo Média montre kamyon an kouche sou bò li nan yon seksyon wout ki gen anpil dlo ak labou. Daprè plizyè temwen sou plas la, move eta wout la ta ka gen rapò ak aksidan an. Sepandan, kòz egzak aksidan an poko konfime pa otorite yo. Chofè yo ak tout itilizatè wout la envite pou yo pran anpil prekosyon lè y ap sikile nan zòn nan. 📲 Swiv Pito Promo Média pou plis nouvèl ak enfòmasyon an tan reyèl. #PitoPromoMedia #DerniereMinute #GranRueEspanyòl #Aksidan #Haiti