@donrockfit7: Yon nouvèl tris frape kominote fizikiltiris la nan peyi Brezil. Mailson Araújo, yon kulturis pwofesyonèl 35 an ki soti nan eta Bahia, mouri lendi 13 jiyè apre li te santi l mal lakay li. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, li te mande paran li yo sekou. Manman li, ki se teknisyen enfimyè, te kòmanse fè manèv reyanimasyon sou li. Ponpye yo ansanm ak sèvis ijans SAMU te kontinye eseye sove lavi li, men malerezman li pa t rive siviv. Mailson te gen plis pase 30,000 moun ki t ap suiv li sou rezo sosyal yo, epi li t ap prepare pou patisipe nan yon konpetisyon. Jiska prezan, otorite yo poko anonse kòz ofisyèl lanmò li. Se poutèt sa, nou pa dwe fè okenn espekilasyon. Kondoleyans pou fanmi li, zanmi li ak tout kominote fizikiltiris la. Repoze anpè, chanpyon. #dorockfit #MailsonAraujo #Fisikkiltiris #BodybuildingNews #Nouvèl
donrockfit7
Region: US
Friday 17 July 2026 22:33:18 GMT
Music
Download
Comments
#VensFit🏋️♂️🔥 :
twop piki , nèg yo konnen bay culturismo SA se bagay danje Li ye men yo admet sa
2026-07-21 17:12:05
2
fx_fuzzy :
Problem wi
2026-07-17 23:54:51
1
Valentin 💪🏋♂️✅️ :
2026-08-08 23:55:47
1
Adly :
2026-07-18 00:36:49
1
donrockfit7 :
💔
2026-07-17 22:33:30
0
mickdorestant :
😭😭😭
2026-07-18 15:48:48
0
To see more videos from user @donrockfit7, please go to the Tikwm
homepage.