@rolainegerard1: 📍ADJUSTMENT OF STATUS (AOS): YON OPSYON POU GEN GREEN CARD USA Adjustment of Status se youn nan mwayen ki pèmèt yon moun ki deja USA aplike pou Green Card li san li pa bezwen kite peyi a pou ale fè kontinye ak "processus consulaire", si li ranpli tout kondisyon legal yo epi li elijib pou AOS. 👉 Men yon REYALITE anpil moun pa konnen:
Si ou gen yon I-130 ki te deja depoze epi ki toujou pending anvan ou te antre USA, se youn nan meyè opsyon ou genyen pou ou gen green card e rete USA legal. Lè ou antre USA, selon ki kategori fanmi an ye, fason ou te antre, status ou, visa ou te itilize, disponiblite visa a ak lòt faktè nan dosye a, ou kapab genyen yon posibilite pou kontinye pwosesis la atravè Adjustment of Status olye de PC. ⚠️ Men atansyon: Yon I-130 pending poukont li pa bay moun nan Green Card otomatikman. Li pa vle di tout moun ki gen yon I-130 ap kapab fè AOS. Gen kondisyon ki dwe verifye, tankou: ✅ Kategori petisyon an
✅ Si yon visa disponib
✅ Fason ou te antre Ozetazini
✅ Si ou te kenbe oswa vyole kondisyon status ou
✅ Relasyon ki genyen ant petitioner ak beneficiary
✅ Si gen nenpòt baryè ki ka anpeche AOS la fèt
✅ Si gen lòt aplikasyon oswa istwa imigrasyon ki ka afekte dosye a 📌 Se poutèt sa li enpòtan pou pa sèlman tann I-130 ou a. Si sitiyasyon ou chanje paske pandan ou antre USA a, ou kapab verifye si gen yon lòt opòtinite ki vin disponib pou ou you. Sonje.- Enfòmasyon sa a se pou edikasyon jeneral. Chak dosye imigrasyon diferan; elijibilite pou Adjustment of Status dwe evalye selon sitiyasyon espesifik moun nan. #ayisyentiktok🇭🇹 #fypシ #tps #haiti #foryoupage
rolainegerard1
Region: US
Friday 14 August 2026 21:45:09 GMT
Music
Download
Comments
Stanley Cadet :
Depi visa ou eligible,yap voye yon let baw
2026-08-20 22:30:31
1
face_man5🇭🇹🇭🇹 :
E si ou fe azil eskew tj k fe ajistman statut lhr dat priorite ou a rive? Mw poze kesyon pa rapo ak koze d ki stati ke ou ye svp
2026-08-15 04:50:10
0
KC :
Yo poko bay pou mois sa visa bulletin
2026-08-21 10:08:18
0
Caphaitien100% :
Bonswa svp eske se nan tout ka kigen interview svp
2026-09-06 20:09:33
0
Silver Medal🥈🦋🦋 :
mèsi 🙏🏾
2026-08-15 01:03:15
0
Carmelot Jean :
Hi mw bezwen nimero buro wa svp
2026-08-15 09:22:39
0
Delva Jesula :
BONSOIR MADAME ESIW AN HAÏTI
2026-08-15 05:12:24
0
Outfitsinspiration :
lè m rive poum fe ajisteman stati m t rantre nan family reunification kategori f2b dat priorite oct 2018. mw resevwa email nvc mw we frais affidavit lan pa peye etan done m pral fe ajisteman stati m pa bzw nan peye kob sa nan nvc ankò svp @rolainegerard1
2026-08-14 22:22:37
0
Kervenson jean :
😳😳😳
2026-08-15 00:23:50
0
To see more videos from user @rolainegerard1, please go to the Tikwm
homepage.