@__lyly.xo: Sim tap baw yon konsèy… M tap diw “Ou merite pou w souri” Non ! Pa souri pou souri men reyèlman Souri se petèt youn nan bagay ke nou fè souvan men ki souvan pa reyèl Se youn nan kado nou dekouvri ke nou pèdi yon ti jan twò ta E ki pa fasil pou w rejwenn Sa parèt senp men lè wap dekouvri ke souri reyèl ou an pa la ankò Se souvan nan yon foto oubyen pandan wap panse ak yon souvni E se lè sa wap reyalize jan w pèdi yon bagay ki presye ! Hum hum…”Se souvan lè pa itil pa la, wap wè pa itil te itil” Yon vrè souri, se yon ti aksyon ki gen kapasite pou l ede yon moun ki à proximité’w pase yon bon moman ! . . . #enèji #smileeveryday #findyourself #HealingJourney Donk, pa neglije souri….