Libizi :
Mwen pap ka pou li💁🏽💁🏽
1. Nan pèsonaj mwen ap gade a, li poko pare pou yon bon relasyon ni pou fè sakrifis. Li jis ap fokis ak tèt li sèlman.
2. Mwen santi li poko gen matirite pou kreye yon bagay, nan sans li toujou panse tankou yon timoun.
3. Mwen pap ka pou li kom fanatik sim bezwen Yon pre li pap ka fel pou mwen 🤷🏾♀️4. Si li te gen 1, 2 ak 3 yo 👌🏾, menm si li pat gen 4 la mwen te ka pou li ,nan lavi nou bezwen stabilité
Mwen menm, mwen prefere 2 moun k ap grandi ansanm, k ap fè kont yo, k ap travay, k ap gen biznis epi k ap kreye bagay ansanm 👍🏾👍🏾. Nan yon relasyon, pafwa ou antre ladan l ou pa 100% sèten, paske ou pè oswa ou poko twò santi santiman pou moun nan. Men, lè w pase plis tan avè l, li ka fè w santi w byen epi ou kòmanse devlope santiman pou li 🤷🏾♀️🤷🏾♀️🤷🏾♀️.
Pou yon fanm jwenn yon nèg k ap viv Ayiti, dyab sa map gad la, ki pa gen manman ak papa bò kote l, epi ki mete w nan tout sa l ap fè malgre tout sa moun ka di, mwen menm mwen ta apresye sa 🥰🥰. Se sèlman yon fanm sòt ki ta kite yon gason konsa pou l al jwenn yon lòt pou bèl sèlman, mwen tande a kakam ta pral manje 🖕🏾🖕🏾.
Sa mwen plis renmen nan yon relasyon, se lè nou chita ap pale de pwojè nou yo, sa nou anvi fè, sa nou vle bati ansanm, epi nap travay sou li.
2026-09-03 04:02:22