@itpoupepla: 📧 Gmail Storage Full? Anvan ou achte plis storage, verifye sa k ap itilize 15 GB gratis ou a. Google konfime storage sa a pataje ant Gmail, Drive ak Photos, epi li bay zouti pou jwenn gwo email/fichye epi netwaye Trash ak Spam. ⚠️ Fè atansyon ak Google Photos: si Backup aktive, efase yon foto ka retire li sou aparèy ki sync yo tou. Konbyen GB Google storage pa w la itilize kounye a? 👀👇🏾 #Itpoupepla #Gmail #Google #GooglePhotos #GoogleDrive