Pierre Erick Simeus :
Chak jou, yon moun ap mouri. Chak jou, yon lòt fanmi ap kriye. Chak jou, gen yon lavi k ap disparèt nan peyi sa a, tankou lavi moun pa gen okenn valè ankò.
Men sa ki pi tris la, se lè yon videyo konsa soti, se pa lanmò moun nan ki choke nou ,se lè nou wè yon figi nou pa t janm panse ki nan video ( Nice B ) ladan l. Ki choke nou min se pa fi ki mouri a ki choke nou paske chak jou moune ap mouri nou pa choke Se la nou sezi, yon sèl kou.
Men, kilè n ap rive choke pou chak grenn moun ki mouri? Kilè chak lavi ki pèdi ap fè nou santi menm doulè a, menm jan ak lè se yon moun nou konnen ki tonbe?
Paske dèyè chak moun ki mouri, gen yon manman k ap kriye, yon papa k ap soufri, yon pitit ki pèdi yon paran, yon fanmi ki pap janm menm jan ankò.
Jou n ap sispann tann pou wè kiyès nou konnen ki mouri pou n santi doulè a, jou n ap choke pou chak lavi ki pèdi, se jou n ap kòmanse konprann vrè gravite sa k ap pase nan peyi a.
Se pa paske nou pa konnen moun nan pou lanmò li ta dwe fè nou mwens mal. Chak lavi konte. Chak moun konte. Chak lanmò ta dwe fè nou frape pye nou
2026-09-06 05:45:24