Bwapiwo 81 :
Youn nan pibèl bagay m wè defans barça sa travay ane sa: se mete atakan advès la òje a. La, yo genyen yon kominikasyon pou yo alinyeman rapid, pou fè liy lan. Se siman, paske tout ekip la pa monte byen wo an zigzag la ankò. Tout fason, sezon an jèn. Genyen anpil tan pou n wè kisa dispozitif reyèl la ye ane sa. Men, m panse, fòk gen travay serye ki pou fèt ant Rodri ak Pedri, sou kesyon: kiyès k ap dikte rit ekip la. Li klè, si l kontinye Pedri, sa ap fè Rodri jwe mal. Paske, filozofi jwèt Rodri, se fè balon an kouri, se pa li menm kom jwè ki pou tout lajounen ap galope. Modèl voukap voukap la, fè barça plede pèdi balon, lè konsa ou degaje yon gwo enèji pou al chache regenyen l oswa kouvri defans pou w pa pran gòl. M panse, Yamal dwe jwe nan rejis Messi te konn fè l: moun ki bay vitès la, lè balon an rive jwenn li sou lèl goch la, piwo 50m la. Kite mitan teren an bouyi boul la, fè l ale goch - dwat pou destabilize advèsè a. Jodya, pou mwen, se yon match mwayen barça jwe, li genyen l paske li gen dè gwo talan.
2026-09-09 21:55:13