@pimpnewstv: đ¨ PANDAN PNH AP CHĂCHE L TOUPATOU, NICEB REPARĂT ANFĂS NAN BAZ 400 MAWOZO NAN YON LIVE TIKTOK AK LANMĂ100JOU đ¨â âNouvèl la ap fè gwo bri e l ap boulvèse rezo sosyo yo depi kèk jou. Moun yo rete ak 2 men nan tèt tèlman yo sezi aprè NiceB ki prezan nan mitan baz g@ng 400 Mawozo a, kote li ap fè Live TikTok ak chèf g@ngg Lanmò100Jou. âAparisyon sa a rive nan yon moman kote Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap chèche NiceB ak balèn nan tout kwen peyi a. Rechèch PNH sa a vini jis aprè yon videyo ki te montre NiceB nan yon gwo zak malonèt te fin pran lari a e li te anvayi entènèt la pandan jou ki sot pase yo. âSwiv evènman sa, leve yon pakèt kesyon ak dout nan tèt piblik la: Ki kote NiceB pase pou li rive rantre an Ayiti ? Kijan ? Koman otorite yo poko jwenn NiceB toujou ?â Gwo entèwogasyon sa yo vin pi konplike toujou apre plizyè enfòmasyon ki t ap sikile anvan sa te vle fè kwè lNiceB te sou teritwa Sen Domeng lè videyo zak malonèt la te fenk pran lari a. âAksyon sa a kite anpil moun sezi epi l ap kontinye simen gwo kòlè ak enkyetid nan mitan popilasyon an pandan y ap tann reyaksyon PNH sou dosye sa a. Swiv PimpNews pou rete enfòme sou tout detay ak evolisyon sou dosye sa a. Kisa nou panse ?đ¤