@charming.boy051: Bb, mwen renmen w 😍🌹. Chak jou ki pase, lanmou mwen genyen pou ou vin pi fò, pi fon e pi bèl. 🥰❤️ Lanmou mwen pou ou pa tankou yon flanm dife 🔥🌹 ki boule fò pou yon ti tan epi ki fini rapid… Non, li tankou yon chalè ki rete nan kè mwen, yon chalè ki pap janm mouri. 🥹❤️🔥 Ou se solèy mwen lè gen tanpèt ☀️🌧️, ou se lapli pou kè mwen lè li swaf. 🥰❤️ Ou pote limyè, chalè ak yon sans espesyal nan lavi mwen. 🌹✨ M ap toujou la pou m respekte w, pran swen w, tande w, konprann ou epi renmen w jan ou merite a. 🤗❤️🔐 M ap toujou la, pa sèlman nan bon moman yo 🌹💯, men menm lè bagay yo vin difisil, lè fènwa a fè nou pa wè chemen an byen. 🥺❤️🩹 Paske pou mwen, renmen w se pa sèlman rete bò kote w lè tout bagay bèl… se chwazi w ankò chak jou, menm lè lavi a mete nou anba presyon. 🫂❤️ Ou se moun mwen vle toujou genyen nan lavi mwen, moun mwen toujou anvi, moun kè mwen chwazi a. 😍❤️🔐 Mwen renmen w plis pase pawòl mwen ka esplike, Bb mwen. 🥹❤️🔥🌹
Charming Boy ✨💗
Region: HT
Thursday 10 September 2026 20:47:14 GMT
Music
Download
Comments
bea fanm jacmel :
mw sot dil sa li dim eskem grangou😂😂
2026-09-12 16:51:23
13
fanm a kouraj💔💔💔 :
mwn dil sa li dim tanm genyen😂
2026-09-11 23:22:44
25
✨🖇️ N a l d o_🌸♈ :
Domaj mw pagn Moun poum disa😫
2026-09-15 03:03:52
1
Capripris ♑️ 😍😚 :
Mw dil sa li dim”ok bb”😏
2026-09-12 03:55:25
5
❤️🥹✨ :
m pral dil sa pita ma vin di nou sal dim😂😂😂
2026-09-12 23:12:58
1
💜ADOODOO 🖤 :
mpap janm dk fin ekri tout bgy sayo après pouyo dim ok non sa ap fém mal 😂😂😂😂😂😂😂😂
2026-09-13 16:10:32
5
Marie Clara simeus :
damaj hmm pagen moun
2026-09-12 20:26:21
1
gui la combattante🇭🇹 :
mw toujour t konn toujour dilsa lèm wè li utilise l kòm feblès mw li blessé chak seconde li fèm kriye souvan li vin pa banm respè fè menm zanmi l gadem mal di sa yo vle de mw anfas li sans pa janm di zanmil yo ase mw pa dilsa ankò
2026-09-13 15:54:41
3
Gran fanm 😘✍️🏠🥰 :
Mw la a 💯 toutan w fe afew byn 😂
2026-09-13 17:58:34
1
@pretty sama😍🥰💫💥 :
m voyel bali li dim lanmed😳
2026-09-13 09:11:43
1
Alianne fanm port de paix 🫶 :
merci beaucoup mw gentan dil sa 🥰🥰🥰
2026-09-14 02:53:36
1
La vie pa fasil 😭 :
Oh
2026-09-18 00:42:49
1
grenn nan bouda :
mw dil sa li dim se vant mw ki plen wi besti [Ricanement]
2026-09-12 00:32:27
7
Yousena Jean497 :
Jésus banm yon moun ki renmen m konsa svp senyè🙏🙏
2026-09-13 21:29:05
1
Diamenlove sipésta monde lan🖤 :
mwn pa gen pou bagay sa yo 😂
2026-09-13 02:33:23
2
🥰🥰sassou 😘😘😍 :
M sot dil sa li dim Podyab li li inosan 🤣🤣😅
2026-09-12 23:08:18
5
dieunie🔥💜💜 :
mwen dil sa li mande m sam sot manje😭😭😭😭💔
2026-09-13 04:33:30
2
Miledy :
mpral eseye Dil sa de loin papa 🤣🤣🤣
2026-09-13 11:46:43
1
rosierchaper :
2026-09-13 16:11:05
1
lilsnop509 :
Mwn mh depoze lanmou de kote lèm jwenn moun ma tounen renmen mh te gen yon fi mwn avèl la ou mèt ekril nenpot txt li diw ok ou byen dakr
2026-09-12 12:43:08
3
Carthie_kerry_jules1 :
banm al dilsa Nou tag mw poum k di Nou sal dim
2026-09-13 04:43:07
2
FLAMPROMO 509 :
Yon moun Vinn nou fe yon ti relasyon la menm
2026-09-13 08:58:10
2
Richard- promo🇭🇹✌️ :
sak di a ouka pran tanw poudil tout sayo apresa lidiw ok😁😂
2026-09-13 15:04:32
2
La femme de Wildjy ❤️☺️ :
mw pa gen tan a pèdi ankò jis pou yon dakò bby mw menm tou mfatige ak mo sayo
2026-09-13 20:16:42
2
Madame H♓️♓️♓️ :
M paka dil sa li pa fem mal si c te avanm t avel
2026-09-13 14:42:35
2
To see more videos from user @charming.boy051, please go to the Tikwm
homepage.