@fhfhaiti: Lovend’s Delinois fè yon nouvo pa nan karyè li lè li antre nan gwoup Grenadye yo. Atakan an ki fèt nan jou ki te 5 oktòb 2004 la, te fon pase nan Violette AC anvan li kontinye devlopman li nan lakou Etazini ak Miami Academy epi Inter Miami II. An 2026, li fè premye aparisyon li ak premye ekip Inter Miami a nan MLS la. Kounye a, Lovend’s Delinois ap pote koulè ble e wouj la nan yon nouvo etap nan pakou li. Li pral gen okazyon travay ak gwoup la epi defann drapo a sou sèn entènasyonal la. Grenadye Alaso!