@manllah97: Aprann renmen moun ki renmen w lan. ❤️ Moun ki chwazi w san fòse, ki pran swen w san ou pa bezwen mande, ki respekte w e ki fè w santi ou gen valè. Pa pase tout lavi w ap kouri dèyè yon moun ki toujou ap fè w doute de plas ou nan lavi l. Lanmou pa ta dwe fè w ap mande tèt ou chak jou si ou enpòtan. Pafwa, moun nou vle a pa moun nou bezwen an. Moun nou bezwen an se moun ki montre w lanmou li nan aksyon, pa sèlman nan pawòl. Renmen moun ki renmen w, paske ou merite yon lanmou ki chwazi w tou. 🤍✨@Maugene Emmanuella