❤️🌹 :
@❤️🌹 :BonDye telman fidèl😊🙌
Mw m sonje nan ane 2018-2019 pandan m tap fè 8 ème, m t malad nan coeur, e sa t telman di pou mw, yo t oblije ap plede mache lopital avèm, e anpil fwa lè m al lekol , kou yo fin monte drapo, kè a fèm mal epi epi m ap kriye, lè konsa zanmi m yo oblije ale nan direction avèm pou yo rele paranm vin chèchem.
M t tellllman soufri ak sa.
Epi yon bon matin, nan 4 -5 heures du matin, m leve poum prepare poum al lekol epui kè a pran ap fèm mal, m sonje lè sa manman m tap al fè priyè legliz la, epui li dim al kouche sou yon banc legliz la poumpriye pou BonDye kapab geri kè a pou mw😊. Epi vrèman vre m al kouche legliz la poum priye epi apre yon ti tan, ant somèy ak revèy, mw wè 3 Doc parèt epi youn nan yo fann mw, li retire kè m, men sa l retire a gen yon pakèt tach nwa sou li, lè m fin retirel, yo t vini ak yon lòt kè nan yon bwat ki tou ap bat🥹 epi yo metel pou mw
Depi lè sa m pa malad nan kèm anko 🥹🥹🙌🙌🙌🙌🙌
2026-09-28 22:08:09