Lil_Fenomenon♒🤖 :
Entèlijans ≠ gwo nòt lekòl.
Mwen, lè m te lekòl, mwen te toujou remake chak erè, chak kontradiksyon, chak manti pwofesè yo. Se te youn nan koz mwen pa t vrèman konsantre lè m te nan klas. Mwen te yon elèv trè entrovèti, mwen pa t ka gen okenn zanmi paske mwen te toujou remake initilite konvèsasyon ki twò senp, twò random. Sa te kreye yon santiman de diferans nan mwen.
Brèf, pandan tout ane eskolè mwen yo, se te konsa, jiska 2023. Mwen te nan bakaloreya NS4. Se la moun lakay mwen te dekouvri anomali mwen an, gras ak 1578 pwen mwen te fè san m pa t redi, san rezo, san èd pèsonn. Yo te remake kapasite mwen paske mwen pa t konn etidye souvan, men depi m etidye yon bagay yon fwa, mwen memorize l definitivman. Mwen pa janm ka eksplike kijan sa fèt.
An konklizyon, anomali sa a te pèmèt mwen wè mond lan nan yon fason ki trè diferan de lòt moun. Li te pèmèt mwen remake moun ki te menm jan avè m yo tou.
Antouka, ou menm ki ap li kòmantè sa a epi ki santi w pa diferan de mwen, m ap di w sa w genyen an pa yon anomali, men pito yon kado. Se ou ki pou konnen sa w ap fè avè l.
2026-10-02 20:07:12