@jeansadk: #Don’t #give #up👌🏿📌 Menm si zak imoral, challenges san sans, pòs toutouni, pawòl vilgè sou rezo sosyal, se yo ki jwenn likes, komantè ak pataj, Poste sa ki fè sans, ki moral, ki swanye kanmenm ! Menm si jodi a yo mezestime etid, yo devalorize diplòm, metriz ak doktora,Etidye kanmenm ! Menm si sa ki edikatif pa jwenn apresyasyon, se sa ki tét anba ki pasyone pi fò moun, Kontinye edike moun kanmenm! w ap rive sove kèk grenn kanmenm ! Menm si se koripsyon k ap vale teren, yo pran moun ki dwat pou anba sapat, Rete dwat kanmenm ! Menm si moun plis bwè mansonj sou ou olye yo aksepte verite w la, Di verite kanmenm ! Jij anlè a gen pou fè laverite taye banda epi rann jistis yon jou kanmenm !
Djs🕸️🦅
Region: HT
Sunday 04 October 2026 23:49:45 GMT
Music
Download
Comments
sasou la dominante :
💖💖💖
2026-10-05 00:05:09
1
To see more videos from user @jeansadk, please go to the Tikwm
homepage.