@ahbbayiti: AHBB BASKETBALL LEAGUE — MVP 2026 🏆 5yèm Sezon Batay pou MVP 2026 la te ekstraòdinè ant Jean Philippe Bayol (Delmastars) ak Jean Woodlay Ulysse (Ma Troupe de Titans). Toude te fè yon sezon remakab. Bayol te briye ak atletis li, kapasite li pou tire, epi fason li toujou leve nan gwo moman yo. Woodlay, li menm, te montre poukisa li se youn nan pi bon jwè 2 bò teren an, avèk defans, atak ak lidèchip li. Apre vòt fanatik yo ak evalyasyon AHBB, nou kontan anonse: 👑🏆 JEAN WOODLAY ULYSSE — MVP AHBB 2026! 🏆👑 Woodlay ap resevwa yon motosiklèt, avèk sipò EDL MOTOR. 🏍️ Gwo mèsi pou tout fanatik ki te vote, ansanm ak ekip yo, jwè yo, staff la, abit yo, medya yo ak tout moun k ap ede AHBB grandi nan 5yèm sezon li. ❤️🏀 Felisitasyon Woodlay! Epi respè pou Bayol pou yon gwo sezon. 👏🏆 #AHBB2026 #MVP #AHBBBasketball #Season5 #EDLMOTOR
AHBBAYITI
Region: US
Thursday 08 October 2026 04:46:58 GMT
Music
Download
Comments
jokic15 :
Antouka m fe tout seson ap gade AHBB m gade pifo match yo sise mw tap deside MVP se bayol li tap ye paske si gen yon jwe fe AHBB bel ane a li rele bayol kom AHBb pa rekonpanse moun pou pefomans se sou figi AHBB konronpi 😏😏😏
2026-10-08 12:13:55
10
KIRIKOU :
Premye championnat ki pa gen anyen ak disiplin, COACH pran plus teknikal, coach pran plus supansyin epi boom" MÈYÈ COACH, JWÈ GOUMEN, epi BOOM MÈYÈ JWÈ, DIRIJAN wè li ka pedu yon match epi boom li pete yon goumen epi MÈYÈ ekip, MÈYÈ DIRIJAN, mwen mte panse se moun POLITIK selman lajan te ka ht, men AHBB hmmm mwen sezi nou tounen ASCHBAC 2.0, men sa ki BASKETBALL HAITI an
2026-10-08 11:34:12
3
Nineteen💚♐️ :
Bagay sa pa bon li trò klè 😳
2026-10-08 23:41:59
0
Christ #30 :
Good Job
2026-10-08 14:32:59
0
Mister one Take/ T-Center :
Bon ti bagay
2026-10-08 12:01:09
0
jokic15 :
Gade sa pou nou we fanatik baske yo poum prouve nou se pa sou pefomans AHBB bay meye jwe se sou figi AHBB gen fos kotw
2026-10-08 12:39:14
3
KIRIKOU :
gadon ti peyi mesye, gade sa lajan kafè, AHBB tounen ASCHBAC 2.0, kote lajan an ye, tout bagay ap pou bò sa
2026-10-08 11:29:25
0
jokic15 :
Jwe PM stong ki se ti cam bat jwe Elite nan tout satistik yo epi jwe Elite la meyè jèn jwè souli m vle dirijan AHBB yo dim sou ki krite li baze
2026-10-08 12:43:58
0
Frèrechristopher Des :
I’m happy for Ulysse that’s my dawg from day one no cap on that I love my dawg but I’m so confuse with the last attempt because we all who play the most game this season who’s keep averaging higher the most and I’m like wtf what’s going there yall over him to Ulysse OMG damn it
2026-10-08 16:37:55
0
bayol509 :
Vòt ki fanatik?
2026-10-22 13:41:46
0
Trap2 Réparation :
Vòt ki fanatik ?
ki kote nou te mete pou fan vote ?
[Larmes de joie][Larmes de joie][Larmes de joie][Larmes de joie].
Misye kòb nou nan men nou 💰 degaje nou 😂
2026-10-08 10:47:50
0
To see more videos from user @ahbbayiti, please go to the Tikwm
homepage.