@odchaelfuerte: 🚨ELON MUSK CEO KONPAYI TESLA AK SPACEX VINI AK YON NOUVO MODÈL MACHIN TESLA ROADSTER KI KA VOLE EPI ATERI. Plis lasyans ap devlope, se plis ap genyen gwo envansyon ki ap fèt, e sa vini pèmèt gen anpil bagay nou te konn wè nan fim syans fiksyon yo kòmanse tounen reyalite! Jou ki te 15 oktòb 2026 la, Tesla, an kolaborasyon ak SpaceX, te rive prezante nouvo jenerasyon Tesla Roadster la nan yon demonstrasyon teknolojik nan Texas, Ozetazini. Pandan demonstrasyon sa a , machin Tesla Roadster a te rive monte sou yon ranp an koube kote li te vin vire tèt anba, aprè sa li te sispandi nan lè, vire epi ateri sou wou li. Aprè demonstrasyon sa a , Elon Musk te pataje plizyè videyo sou kont ofisyèl X li. Nan youn nan piblikasyon yo, li ekri: 🗣️ "Turns out the future does have flying cars." Sa vle di: "Finalman, nou wè a lavni gen machin ki pral ka vole." Nan yon lòt piblikasyon, li pataje yon videyo ki konpare nouvo Roadster a ak seri televizyon Knight Rider, epi li ekri: "One of my favorite shows as a kid!" Sa vle di: "Youn nan seri televizyon mwen te pi renmen lè m te timoun!" Li fè referans ak teknoloji Turbo Boost, ki te yon machin KITT te genyen nan seri sa a ki te konn pèmèt li sote de yon pwen A ak yon pwen B . KI TEKNOLOJI KI DÈYÈ NOUVO TESLA ROADSTER LA? Nouvo machin nan itilize plizyè teknoloji avanse: ✅ Teknoloji SpaceX: Yon sistèm pwopilsyon ki sèvi ak gaz anba gwo presyon pou ede machin nan leve epi fè mouvman nan lè. ✅ Sistèm aspirasyon: Yon teknoloji ki itilize vantilatè ki pwisan pou kreye yon fòs ki kapab kenbe machin nan kole sou sifas la, menm lè li tèt anba. ✅ Akselerasyon ekstraòdinè: Nan video demonstrasyon an, yo montre kote Roadster a rive soti 0 pou ale 60 mil pa èdtan (apeprè 97 km/h) nan sèlman 0.81 segond. ✅ Nouvo konsepsyon: Machin nan entegre teknoloji ayewodinamik avanse pou amelyore pèfòmans ak estabilite li. Pou nou site sa yo sèlman.. 📅 KILÈ MACHIN SA A AP DISPONIB? Dapre Elon Musk, Tesla prevwa kòmanse pwodiksyon nouvo Roadster a an 2028. Sepandan, li enpòtan pou nou konprann ke sa Tesla prezante a se yon pwototip eksperimantal. Demonstrasyon an pa vle di machin nan deja kapab vole sou nenpòt distans tankou yon avyon, ni li deja disponib pou piblik la. KI LESON NOU KA APRANN DE INOVASYON SA A? Teknoloji pa janm sispann evolye. Sa ki te sanble enposib pandan plizyè dizèn ane kapab vini posib gras ak rechèch, inovasyon ak devlopman syantifik. Jodi a, entèlijans atifisyèl, robotik, blockchain ak teknoloji ayewospasyal ap transfòme anpil sektè nan ekonomi mondyal la. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou kontinye aprann ak Ititize nouvo teknoloji yo epi prepare tèt nou pou nou kapab profite de tout bèl opòtinite ekonomik yo pou nou bati richès jenerasyonèl. 🤔 KESYON POU NOU: Èske nou panse nan 10 oswa 20 ane ki ap vini yo, machin ki kapab vole pral vini yon nouvo mwayen transpò kote moun ap ka itilize yo chak jou? 💬 Pataje opinyon ou nan kòmantè yo! KRIPTODCHA | FXKADASH Edikasyon • Teknoloji • Inovasyon #ElonMusk #Tesla #TeslaRoadster #SpaceX #FlyingCars
CHAVANNES ODEIDE
Region: US
Friday 16 October 2026 12:43:36 GMT
Music
Download
Comments
JLP :
They laughed at the Wright brothers, too.
2026-10-17 02:10:02
0
tj :
how did car stick upside down on ramp ?
2026-10-16 20:16:10
2
wayneyork16 :
Well it’s clearly AI
2026-10-16 18:07:32
7
Justin Moore :
that’s not flying!! that’s falling, with style…
2026-10-16 15:33:28
31
C M Campbell :
I can’t stop watching this When I saw that rocket I was impressed but this is completely crazy
2026-10-16 18:07:50
11
sellersmj :
Yeah, why and who are you selling that to?
2026-10-16 20:29:20
1
dylan_salveson :
What happens when one of the jets go out?
2026-10-16 18:20:46
6
Logan.fr2 :
Collaboration but bro owns both companies 😂✌️
2026-10-16 21:24:39
0
Cj crowley :
strings on it somewhere
2026-10-16 19:09:48
0
user6741055374753 :
Yep because that’s what we all really need right now
2026-10-16 19:23:56
0
Lucas🇨🇺🇪🇸⚽️✝️ :
Gng the best car company is pagani
2026-10-16 21:10:42
0
Drew White :
so its Knight Rider for 300k. got it
2026-10-16 21:02:31
0
Leon :
First in my bloodline to see this 😏💀
2026-10-17 01:53:04
0
Eagle Oil & Tire Automotive :
2026-10-17 00:25:08
0
dontwantanyoneknowing :
so damn bad ass
2026-10-16 21:18:24
1
justme :
true genius
2026-10-16 23:11:47
0
annegable6 :
Very cool
2026-10-16 17:42:27
1
flat-iron :
do it during the day
2026-10-16 18:45:51
0
Grammylew77 :
2026-10-17 01:15:10
0
svaqglsvaqgl :
2026-10-16 19:22:50
0
No-one :
2026-10-16 20:55:49
0
CubanRanger :
Why in the dark ??? It’s all fake
2026-10-16 18:34:19
0
Dlish :
Your an alien
2026-10-16 17:57:25
1
Abo Adnan Muslim Traveler :
What is the point? Are u getting one? no
2026-10-16 18:13:13
0
Jan (Yawn) :
say you what you want but Elon is an amazing man an amazing thinker and truly is trying to bring us forward. the things that he's done already is so beyond everybody else.
2026-10-17 00:17:50
0
To see more videos from user @odchaelfuerte, please go to the Tikwm
homepage.