@ryan25122006: Pafwa nan lavi a, nou pase bò kote bonjan moun san nou pa janm pran tan pou nou gade yo ak bon je. Nou toujou ap kouri dèyè sa ki klere, sa ki sanble bèl nan je nou, san nou pa konnen se laen flè plastik nou konn al achte pandan nou neglije yon benjamen natirèl ki te kanpe la pou nou. Mwen pa t janm di mwen pi bon pase pèsonn, ni mwen pa t janm mande w pou w wè m tankou yon zanj. Men mwen te toujou la avèk yon kè sensè, yon lanmou ki pa t gen manti ladan l, ak yon volonte pou m te soutni w nan tout moman. Malerezman, je w te fèmen sou valè mwen. Ou te pito gade lòt yo, ou te pito koute bri deyò. Men lavi a gen yon sèl jan l mache: li toujou bay chak moun tan pou yo konprann sa yo fè. Yon jou n ap tande nonm nan yon kwen, oubyen n ap wè yon bagay ki pral fè w sonje tout sa m te konn fè pou ou. Lè sa a, dlo ap sot nan je w, w ap santi yon kout kiyè nan kè w, epi w ap di tèt ou: "Wi, li te diferan toutbon vre, men mwen te tèlman avèg mwen pa t wè sa lè l te la."
Ryan🫥👻
Region: HT
Tuesday 20 October 2026 00:41:30 GMT
Music
Download
Comments
There are no more comments for this video.
To see more videos from user @ryan25122006, please go to the Tikwm
homepage.