@kenzomedia: 🔴🇸🇻 EDIMAR ROSALES PAMI 4 MILITÈ SALVADORYEN KI DISPARÈT NAN SANTO: FANMI LI MANDE LAPRIYÈ POU YO JWENN LI VIVAN! 🙏 Dapre enfòmasyon plizyè medya nan peyi El Salvador pibliye, Edimar Rosales ta pami 4 militè salvadoryen ki disparèt apre yon anbiskad ki te fèt nan zòn Santo, komin Kwadèboukè, ann Ayiti. Selon enfòmasyon ki soti bò kote fanmi li, depi Edimar disparèt la, yo poko resevwa okenn nouvèl sou li. Fanmi an pa konnen kote li ye ni nan ki kondisyon li ta ka twouve l. Devan sitiyasyon difisil sa a, fanmi li lanse yon apèl pou mande moun mete Edimar nan lapriyè, avèk espwa pou yo jwenn li vivan e an sante. 📍 Edimar Rosales soti nan komin Tacuba, nan depatman Ahuachapán, peyi El Salvador. 🙏 Ann mete Edimar Rosales ansanm ak 3 lòt militè ki disparèt yo nan lapriyè. Fanmi yo ap tann nouvèl avèk anpil enkyetid, pandan espwa pou yo jwenn yo vivan rete la. 📢 Pataje enfòmasyon sa a pou ede mesaj fanmi yo rive pi lwen. #EdimarRosales #ElSalvador #Ayiti #Santo #Kwadèboukè
KENZO MEDIA 🎥
Region: JM
Wednesday 21 October 2026 15:39:06 GMT
Music
Download
Comments
There are no more comments for this video.
To see more videos from user @kenzomedia, please go to the Tikwm
homepage.