@fanmkanpe: Zansèt nou yo pa t kite nou yon peyi pou nou viv ajenou, nan laperèz, nan divizyon, ap tann lòt nasyon deside desten nou! Yo te goumen, yo te sakrifye lavi yo, yo te kraze chenn lesklavaj pou nou te ka viv lib sou pwòp tè nou. Men jodi a, ki sa nou fè ak eritaj sa a? Nou bliye fòs nou. Nou vire do bay rasin nou. Nou aprann tann delivrans kote nou ta dwe pran responsabilite nou. Pa gen okenn pèp ki ka lib toutbon si li pa kwè nan pwòp pouvwa li! Lafwa san aksyon pap rebati Ayiti. Lapriyè san konsyans pap pwoteje tè nou. E okenn etranje pap renmen peyi nou plis pase nou menm. Li lè pou nou leve tèt nou, reprann diyite nou, pwoteje tè nou, edike pitit nou, epi mete konesans nou ansanm pou rebati nasyon an. Zansèt nou yo te fè revolisyon pou libere kò nou. Se responsabilite pa nou pou libere lespri nou! Ayiti pa bezwen yon lòt mèt. Ayiti bezwen pitit li yo reveye! NOU SE RASIN. NOU SE FÒS. NOU SE ERITAJ. NOU SE AYITI! REVEYE KONSYANS NOU! ⬛️🟥
FANM KANPE
Region: US
Sunday 25 October 2026 18:23:07 GMT
Music
Download
Comments
Marie Carmel Julien :
🙏🙏🙏
2026-10-25 22:15:35
1
To see more videos from user @fanmkanpe, please go to the Tikwm
homepage.