@byfafouh: đ RESĂT PEN AN Engredyan (Ingredients) * 2 cups warm milk (lèt tyèd) * 3 tablespoons white sugar (sik blan) * 1 teaspoon salt (sèl) * 1 teaspoon baking powder (poud pou fè gato) * 1 tablespoon instant yeast (ledven enstantane) * 4½ cups flour (farin) * ½ stick unsalted butter (mwatye yon baton bè san sèl) Nòt enpòtan (Important note) đĽ Milk must be warm, not hot! (Lèt la dwe tyèd, pa cho!) Mwen te retire lèt la nan frijidè a epi pase l nan mikwo-onn pou 1 minit pou l te ka vin tyèd. Tan an ka varye selon mikwo-onn nan, donk verifye tanperati lèt la anvan ou itilize l. Li pa dwe cho, paske sa ka afekte ledven an. Mezi yo (Measurements) Pou bon rezilta, itilize measuring cups, teaspoon ak tablespoon pou mezire engredyan yo egzakteman. Ou ka jwenn yo nan makèt oswa sou entènèt. KI JAN POU PREPARE PEN AN ETAP 1: Prepare melanj lan 1. Vide lèt la nan yon bòl. 2. Ajoute 1 ze, 1 tablespoon ledven enstantane, 3 tablespoons sik blan ak 1 teaspoon poud pou fè gato (baking powder). 3. Melanje tout engredyan yo byen. 4. Kouvri bòl la epi kite melanj lan poze pandan 10â15 minit. (Mete yon timer pou w pa bliye. Lè w wè ti boul parèt sou melanj lan, sa montre ledven an kòmanse travay.) ETAP 2: Prepare farin lan 1. Apre 10â15 minit, ajoute 4 cup edmi farin. Ou ka itilize bread flour, bread and pizza flour oswa all-purpose flour. 2. Pandan w ap ajoute farin lan, mete 1 teaspoon sèl. (Pa mete sèl la nan premye melanj lan ak ledven an.) 3. Ajoute mwatye yon baton bè san sèl. (Bè a dwe mou, nan tanperati anbyan. Ou ka kite l deyò frijidè a oswa mete l nan mikwo-onn anviwon 10â15 segonn pou l ka vin mou. Pa kite l fonn nèt.) 4. Melanje tout engredyan yo ak men w, epi bat farin lan pandan 10â12 minit jiskaske li vin byen travay. ETAP 3: Kite farin lan leve 1. Mete farin lan nan yon bòl, kouvri l ak yon sèvyèt kwizin pwòp, epi kite l poze pandan anviwon 1 èdtan. (Si tanperati kay la frèt, sa ka pran 1½â2 èdtan. Sèvi ak yon timer epi verifye farin lan; li dwe gonfle.) ETAP 4: Fòme pen yo 1. Dekouvri farin lan epi bay li yon kout pwen w pou fè lè ki anndan an soti. 2. Mete farin lan sou yon sifas travay epi bat li ankò pandan anviwon 5 minit pou retire lè ladan l. 3. Separe farin lan an 2 gwo pati, epi separe chak gwo pati an 4 ti pati. W ap jwenn 8 moso farin. 4. Sèvi ak yon rolling pin (woulo pou farin) pou woule chak moso farin epi fè l vin plat. 5. Woule chak moso sou li menm pou fòme yon ti woulo pen ki long. ETAP 5: Dezyèm tan repo 1. Pase yon ti bè nan pwelon pen yo pou grese yo. 2. Mete 8 ti woulo pen yo nan chak pwelon. 3. Kouvri yo epi kite yo poze pandan 20 minit. ETAP 6: Kwit pen yo 1. Pandan pen yo ap repoze, chofe fou a nan 350°F pandan anviwon 5 minit. 2. Mete chodyè yo nan fou a epi kwit pen yo pandan anviwon 15 minit. 3. Verifye pen yo. Si tèt yo vin dore, ou ka retire yo nan fou a. (Tan an ka varye selon fou a.) 4. Pandan pen yo toujou cho, pase yon ti bè sou tèt yo ak yon bwòs pou yo vin mou epi briyan. Kite pen yo refwadi yon ti tan epi sèvi yo ak sa ou renmen.
byfafouh
Region: US
Tuesday 27 October 2026 19:05:09 GMT
Music
Download
Comments
ShumaÄŤkha :
Pam nan tounen bĂły boukannenđđđ
2026-10-27 23:10:20
13
Lovacook :
M te fè youn li manke rache danm
2026-10-27 21:02:32
35
G_seven warzoneđ´ââ ď¸ :
Mesi Manman Banm rive nan store Ă lađđĽ
2026-10-27 19:15:12
82
ChildofGod :
M fenk fe pam nan li byn bon ak mamba đ
2026-10-27 20:08:14
20
Chef Youse TikTok shopđđĽžđ :
E si w mete poud elevasyon an nn farine nn madam
2026-10-28 18:06:08
0
Chris_tellđ :
Li soti tro pwès đ¤Ł
2026-10-27 20:50:52
7
Micoubens.Deals :
Yèswa mwen remèt ti pepit sa. Wa gou pawđ
2026-10-28 13:38:53
3
Talkie𼰠:
Mw gen tout ingredients yo la sof ti poud mawon wan mpa genyen eske m ka fel San li
2026-10-27 19:56:14
3
đ§¸đ¤đđžđ˝đŽđľđľđŞđđžđźđŽđŤđ :
Banm fon rive nan store a babyđđ
2026-10-27 20:53:08
6
Nayoubest2âď¸ :
Ki farin ou mete svp ??
2026-10-28 02:43:19
2
Sassou𼰠:
sim yon moun ap viv sendomeng kòman ledven an rele svp
2026-10-28 16:47:05
1
Dominique Salvat :
malgre m pa gen mezi mw konn reyisi li trè byen wi koz m pratikel anpil m ppa tro renmen nan lari se lakay mw fè pen.
2026-10-28 11:44:00
1
Magie@421 :
Koman yo Di let ven an angle mw bezwen fel
2026-10-27 20:17:03
1
Love 1998 :
Banm al eseye poum vin fè busnis mw
2026-10-27 21:39:15
0
Sherly :
c pa dat map chache konn fè pen non mezanmi genlè c nan yon boulanje mpral fè staj
2026-10-28 13:41:35
0
KIKA53âď¸đ𼰠:
mpa ka fel san let tou svp.
2026-10-27 23:54:12
1
Fille de Dieu :
eskem dwe met lèt lan souple
2026-10-27 20:45:40
1
Nayoubest2âď¸ :
Eske lem fin chofe fou an fom etenn li koz dpim fe yo toujou wè yap di Epi yo pa Jon đđđ
2026-10-28 02:42:21
1
đĽ°Hershey's đĽ°đĽ°đĽ° :
pam yo toujou rĂŠd m wĂŠm poko ka fe pen
2026-10-28 02:38:32
1
Missyâs hair braiding âď¸â
â¤ď¸âđĽ :
Mw pral fè boulange lakay la sou kont ou wi madanm đđđ
2026-10-28 00:33:18
1
đđâď¸đ :
eske ze an se yn obligasyon chr
2026-10-27 23:47:43
0
ANAHAIR BEAUTĂ :
2026-10-27 23:51:50
2
fillebenit3 :
Epi kou se mwen ki fèl yo tounen kase dan anba fou a m paka manje l hmmm gad la vie đ¤Śđžââď¸đ¤Śđžââď¸đ¤Śđžââď¸
2026-10-27 22:08:32
0
Liline Dors :
Map resi try sa đ¤Ł
2026-10-27 20:22:07
4
Natalie :
wp jwnn levure la nn Makèt
2026-10-27 20:51:04
1
To see more videos from user @byfafouh, please go to the Tikwm
homepage.