Skylie :
Kouran, dlo, manje, lopital, travay… Se dwa fondamantal yon pèp, se pa kado okenn dirijan ap fè nou.
Okenn lidè pa dwe kontinye vin devan pèp la ak bèl pawòl, pwomès vid ak ti bouyon rechofe sa yo ankò.
Jodi a, je jènès la louvri. Nou pa grangou pou nou vann konsyans nou pou kèk mil goud. Nou pa bezwen ti lajan pou yon sèl jou, nou bezwen yon avni pou tout jenerasyon.
Nou bezwen sekirite nan peyi a, travay pou jèn yo, bon jan wout, lopital ki fonksyone, inivèsite ki aksesib ak opòtinite pou chak sitwayen viv ak diyite.
Nou pa mande mirak. Nou mande sa yon Leta dwe bay pèp li.
Nou bezwen yon nouvo Ayiti, pa yon lòt seri pwomès! 🇭🇹
2026-10-30 11:49:49